Printer-Friendly PDF Version
US Legal (8.5 x 14)
.pdf
Download Adobe Acrobat Reader

 

Bib La Fè Konnen

NOU KA KONNEN

21 Me 2011

Se Jou Jijman An!


{Tout vèse sa a yo ki nan brochi sa a, yo tradi dapre lang orijinal yo Bib La te ekri. Sa vle di dapre lang Ebre pou bò Ansyen Testaman an epi Grek pou bò Nouvo Testaman an.}

{Pawòl ki antoure yo [ ] se esplikasyon yo ye.}

Lè anpil moun ki manm legliz yo tande nouvèl “21 Me 2011 se pral Jou Jijman an,” byen vit yo vini ak vèsè nan Bib La tankou:

Matye 24:36 Men pèsonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè, pa menm zanj yo ki nan syèl la, men se sèl Papa a ki konn sa.

Lè yo fin repete vèsè sa a, yo di ou wè “Bib La di nou pèsonn pa ka konnen. Epi yo menm ka di tou “menm Jezikri tou pa konnen lè a.” Konsa, dat 21 Me 2011 ou bay la pa bon ditou epi li pa kòrèk ditou. Tankou jan li toujou ye, touswit yo fin fè deklarasyon sa a epi yo wete nouvèl dat sou “Lafen lemonn sa a” nan lide yo. Se konsa moun sa a yo al fè wout yo byen kontan sa p’ap janm rive. Epi tou, yo mete nan tèt yo, “Bib La di nou pa ka konnen ki dat lafen lemonn sa a pral rive.”

Men wi, nou konnen Bib La genyen vèsè sa a ladan l. Men, kèsyon an: eske res Bib La dakò avèk lide Jezikri avèk lèzòm pa ka konnen anyen sou dat lè lafen lemonn sa a pral rive? Osinon, eske genyen plis enfòmasyon nan Bib La ki ta ka otorize pèp Bondye yo (ki se sèlman vrè kwòyan yo) pou yo ta aprann dat lafen lemonn sa a?

Premyeman, nou dwe byen vit kenbe nan lespri nou Jezikri se Bondye ki gen tout pouvwa a. Epi paske Jezikri se Bondye ki tout pouvwa, pa ka genyen okenn kèsyon Li konnen byen ki lè lafen lemonn sa a pral rive.

Jòb 24:1 …Poukisa, lè nou gade tan an yo pa kache devan Bondye ki gen tout pouvwa, eske moun sa a yo ki konnen Li pa ka wè jou Li yo?

Nou li nan liv Jòb chapit 24 vèsè 1 …Poukisa, nou wè dat yo pa kache devan Bondye ki gen tout pouvwa, eske moun ki konnen Li yo pa wè jou Li yo?

Sa nou vle fè nan brochi sa a se pou moutre nan Bil La sèlman paske nou rive nan dènye jou istwa latè yo se volonte Bondye (epi se te toujou volonte l) pou Li fè konnen nan Bib La enfòmasyon sou lafen lemonn sa a epi fè konnen menm dat egzat la. Pa egzanp, nou wè verite sa a nan pasay sa a yo ki nan Bib La:

Danyèl 12:4 Men ou, o Danyèl, fèmen pawòl sa a yo, epi sele liv sa a, jouk lè lafen an: anpil moun pral kouri al sou li, epi konesans pral grandi.

Dapre vèsè sa a, Bondye fèmen pawòl yo epi Li sele Liv la (ki se Bib La) jouk rive nan lè lafen an. Paske enfòmasyon nan Bib La te sele, pèsonn pat ka konnen dat lafen lemonn sa a. Men, gwo verite nan pasay Danyèl chapit 12 vèsè 4 la se sele yo gen pou yo kase lè nou rive nan peryod tan dat lafen an. Pi plis ankò, kou lafen tan an rive, nan lè sa a “konesans pral grandi pi plis.” Matye chapit 24 vèsè 36 deklare pèsonn pa konnen “men Papa m sèlman.” Bondye te toujou konnen dat lafen lemonn sa a. Epi paske se Bondye Menm ki ekri Bib La, se pat yon pwoblèm pou Li te mete enfòmasyon sa a kache nan Bib la menm ap dòmi ladan l jouk lè nou rive nan tan egzat Li chwazi nan listwa lemonn sa a. Paske nou rive kounyeya nan lè lafen lemonn sa a, Bondye kounyeya ap fè pèp Li yo (ki se tout vrè kwòyan yo) konnen bagay sa a yo.

POUKISA MOUN NAN LEGLIZ YO PA PRAL KONPRANN

Si ou ta pale avèk pastè ou osinon avèk prèt ou sou dat 21 Me 2011 lan, ou mèt asire li p’ap dakò ditou avèk gwo laverite sa a. Nou sezi anpil pou n wè konman tout legliz yo mete tèt yo ansanm pou yo deklare “pèsonn pa konnen ki jou ni ki lè.” Men pèsonn pa ta dwe konsole tèt yo epi gen kè pose poutèt yo tout mete tèt yo ansanm paske li byen klè tout legliz yo nan tan n’ap viv jodi a kanpe byen lwen laverite. Legliz yo nan lemonn pa dakò yonn ak lòt epi tou yo anseye anpil bagay nan Bib La yonn pa dakò ak lòt (sa vle di byen klè genyen manti nan sa yo kwè.) Konsa, lè tout legliz yo finalman vin mete tèt yo ansanm pou yo tout dakò sou yon sèl bagay ki se “pèsonn pa konnen ki jou ni ki lè.” Men pito sa ta dwe fè nou pè anpil, sitou lè nou wè nan tan n’ap viv kounyeya jijman Bondye sou tèt tout legliz nan lemonn antye poutèt yo pa fidèl nan Pawòl Bondye ki se Bib La:

1 Pyè 4:17 Paske lè a rive pou jijman dwe konmanse nan kay Bondye [kay Bondye se ligliz yo]: epi si li konmanse avèk nou, ki sak pral rive avèk moun ki pa obeyi Levanjil Bondye a?

Laverite terib la se Bondye Menm wete kò l epi abandonnen tout legliz yo ki nan lemonn. Bib La aprann nou tan osinon epòk legliz yo fini nèt (nan lanne 1988 A.D.). Senyè a te vire do l kite legliz yo nan fènwa espirityel. Yo pa kapab wè laverite terib sa a kounyeya nou tou pre lafen lemonn. Senyè a dekri byen klè lidè espirityel ki nan legliz yo jodi a nan liv Esayi:

Esayi 56:10-11 Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete: yo pa konprann anyen, yo tankou chen ki bèbè, yo pa ka jape;…yo se yon bann bèje ki pa konprann…

Bondye menm moutre anpil moun ki di yo se pèp Li pa pral wè siyal yo Li bay pou avèti lafen pral vini. Senyè a pran Izrayèl osinon Jida nan Ansyan Testaman tankou yon pòtrè osinon yon egzanp legliz ak kongregasyon yo ki nan tan Nouvo Testaman an. Bib La moutre klè konman Bondye te fache anpil ak Jida nan Ansyan Testaman epi Li te avèti yo davans Li gen lide pou Li voye jijman sou yo, men Jida pat okipe sa epi yo te meprize avètisman sa a yo jouk yo te vin rive detwi – se menm jan an tou legliz yo nan tan jodi a ap fè:

Jeremi 8:7 Wi, ata zwazo yo rele sigòy ki nan syèl la konnen sezon yo; epi tòti a ak gwù a epi ziwondèl la yo konnen lè pou yo vwayaje tounen; men pèp mwen an pa konnen jijman Senyè a.

Kounyeya nan lafen tan an, legliz Nouvo Testaman an yo ap repete menm lerè yo Izrayèl osinon Jida nan Ansyan Testaman an te fè. Yo meprize tout avètisman Bondye yo (ki sòti nan Bib La), egzatman menm jan Izrayèl te meprize tout avètisman Bondye te ba yo pa mwayen pwòfet yo Senyè a te voye ba yo.

BONDYE TOUJOU AVÈTI PÈP LI

Kounyeya, li lè pou nou gade kèk lòt enfòmasyon nan Bib La petèt pastè ou osinon prèt ou pa ta renmen ou konnen. Men pou n ka ba ou prèv nou ka konnen dat lafen an, nou dwe premyeman wè kisa tout Bib La gen pou l di sou sa. Pa egzanp, Bondye fè deklarasyon sa a nan chapit twa (3) nan liv Amòs:

Amòs 3:7 Asireman Bondye Senyè a pa pral fè anyen san Li pa fè pwofèt yo, ki se moun k’ap sèvi Li yo, konnen.

Nan sans espirityel, yon pwòfet se nenpòt moun k’ap deklare Pawòl Bondye ki se Bib La. Konsa, yon vrè kwòyan k’ap deklare osinon lè l’ap esplike lòt moun sa Bondye di nan Bib La pran plas yon pwòfet tou. Senyè a ap di nou nan liv Amòs chapit 3 vèsè 7 Li fè pèp Li konnen enfòmasyon. Li di asireman Li pa pral “fè anyen” san Li pa fè sèvitè Li yo konnen anvan sekrè l. Lè nou gade byen listwa lemonn nan Bib La, nou wè vreman enpòtans laverite sa a repete anpil anpil fwa. An nou gade tankou gwo inondasyon ki te rive nan tan Noe a:

Jenèz 6:3,5,7 Epi Bondye di, Lespri m pa pral rete toutan nan lèzòm paske se moun ase yo ye: men tout jou li yo se sanventan (120 lanne)…Epi Bondye te wè jan mechanste lèzòm sou latè te gwo anpil, epi chak lide ki te nan kè yo te mechan toutan. Epi Bondye te vin regrèt Li te fè lèzòm sou latè, epi sa te fè kè l vin sere ak lapenn. Epi Bondye di, mwen pral detwi lèzòm mwen te kreye sou fas latè; tou de lèzòm, ansanm ak bèt, epi tout bèt ki trenen sou vant, epi tout zwazo nan syèl la; paske mwen regrèt anpil dèske mwen te fè yo.

Nan istwa sa a, nou jwenn Bondye te ba lemonn yon espas 120 lanne anvan Li te detwi l. Tan sa a te necesè paske Bondye te chwazi Noe pou l bati yon batiman epi pou l te fè travay avèti tout moun nan lemonn pandan sanventan (120 lanne). Bib La rele Noe yon “predikatè dwati” (2 Pyè chapit 2 vèsè 5). Epi asireman pandan tout lanne long sa a yo lè Noe t’ap travay pou l bati gwo batiman an pat pase san moun pat wè sal t’ap fè. Travay Noe pou l bati batiman an te yon gwo temwayaj lafwa li te genyen nan Bondye. Batiman an ak tout tan ki te pran pou bati l te sèvi tankou yon kondanasyon san rete pou tout lemonn ki te la nan tan sa a:

Ebre 11:7 Ak lafwa Noe, Bondye te fè l konnen davans bagay moun pat ko janm wè, pouse ak lapères, li te pare yon batiman pou l te ka sove fanmi l; se konsa li kondannen lemonn, epi li vin tounen eritye dwati a ki se pa mwayen lafwa.

Se te nan sanventyèm (120ème) lanne 4990 B.C (B.C vle di anvan Jezikri te vin fèt sou latè) Senyè a pou yon lòt fwa ankò te ba Noe pi plis enfòmasyon anko sou dat egzat gwo inondasyon an. Sèlman kounyeya, Bondye te bay enfòmasyon ki te dirèk epi klè. Nan yon jan nou pa ka kwè, anvan inondasyon an te vin rive, Bondye te di Noe ki lanne egzat, ki mwa egzat, epi ki jou egzat inondasyon an pral vini:

Jenèz 7:1,4,10-11 Epi Bondye a di Noe, Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou; paske ou menm mwen wè k’ap viv dwat devan je m nan tan sa a. Paske nan sèt (7) jou ankò, epi mwen pral fè lapli tonbe sou latè pendan karant (40) jou ak karant (40) nwit; epi tout bagay vivan mwen te kreye mwen pral detwi yo sou fas latè. Epi li te vin rive apre sèt (7) jou, dlo inondasyon yo te sou latè. Nan jou ki te fè Noe sisan lanne (600 lanne), nan dezyèm (2ème) mwa, nan disètyèm (17ème) jou nan mwa a, nan jou sa a menm tout fonten gwo twou te kraze, epi tout fenèt syèl yo te vin louvri.

Se pa yon bagay ki rive pa aksidan osinon konsa konsa lè nan tan kounyeya kote n’ap viv la pèp Bondye yo [ki se tout vrè kwòyan yo] konnen lafen lemonn sa a pral vini nan lanne 2011 (ki se egzatman sèt mil (7.000 lanne) apre gwo inondasyon dlo a), nan mwa Me, epi nan 21ème jou. Se egzatman menm bagay avèk sa Bondye te di Noe. Chonje tou 21 Me nan lanne 2011 se disètyèm (17ème) jou nan dezyèm (2ème) mwa ki nan kalandriye Ebrayik , ki se menm dat lè inondasyon dlo a te konmanse epi lè Bondye te fèmen Noe ak tout fanmi l andan batiman an. Se konsa tou, nou dwe chonje Jezikri menm pale sou inondasyon dlo a tankou yon egzanp sou lè l’ap tounen:

Matye 24:38-39 Se konsa, menm jan nan jou anvan gwo inondasyon an moun t’ap manje, yo t’ap bwè, moun t’ap marye, yo t’ap marye pitit fi yo jouk rive jou inondasyon an kote Noe te antre nan batiman an. Epi yo pat konnen anyen jouk lè inondasyon an te vin rive, epi li pote yo tout ale; se pral menm jan an tou lè Pitit lòm lan pral vini.

Lè Jezikri tounen se pral menm jan tankou l te ye nan tan Noe a. Kèsyon nenpòt moun k’ap chache laverite tout bon vre dwe mande kounyeya se: eske anvan gwo inondasyon an te rive, te genyen yon moun ki te konnen anyen sou sa? Osinon tou, eske pèsonn pat konnen ki jou ni ki lè inondasyon an pral rive? Repons nou jwenn nan Bib La se: wi, tout moun ki te pèp Bondye yo te konnen. Noe te konnen. Madanm Noe te konnen. Twa (3) pitit gason Noe yo avèk madanm yo chak te konnen. Tout moun ki te nan vwasinay yo te konnen tou paske Bib La di nou Noe te yon predikatè. Men, asireman yo te meprize Noe epi rele l moun fou. Se poutèt sa, yo tout te peri nan inondasyon an. Yon gwo verite Bib La fè wè se tout kalite moun nan lemonn tande enfòmasyon sou gwo avètisman sa a Bondye menm voye bay, men se sèlman moun sa a yo Bondye chwazi pou moun pa Li ki pral reponn ak sa mesay la di epi pran aksyon sou sa. Konsa, kantite moun ki te detwi nan gwo inondasyon nan tan Noe a, li enpòtan anpil pou nou tande byen sa vèsè sa a di:

2 Pyè 2:5 Bondye pat fè pa moun nan tan lontan yo, men Li te sove Noe ki se wityèm (8ème) moun, yon predikatè ladwati, lè Li te voye inondasyon an sou mechan yo.

Senyè a di ak anpil fòs inondasyon nan tan Noe a te detwi tout moun ki te “mechan.”

Sa a se yon laverite ki enpòtan anpil. Tout pèp Bondye yo (ki se tout moun Bondye menm sove vreman) te konnen detay sou inondasyon an epi konsa yo te vin sove anba lanmò. Chak moun ki t’ap mache dwat devan Bondye te konnen inondasyon an ta pral vini epi yo te antre nan batiman an ansanm ak Noe. Nou met asire Bondye tou te avèti res moun yo ki te nan lemonn nan tan Noe a men yo pat kwè nan tout sa Noe t’ap di yo. Nou ka di nan yon lòt jan, nou wè konman Bondye mete an pratik princip ki nan Bib La ki declare nan liv Amòs chapit 3 vèsè 7. Wi, Senyè a te avèti davans pèp Li yo. Tout lòt res moun yo te tande men yo te inyore avètisman Bondye te ba yo epi se konsa inondasyon an te vin sezi yo san atann epi yo tout te peri. Se poutèt rezon sa a Bib La di Kris pral vini tankou “yon vòlò nan lannwit.”

Paske Bondye te avèti davans Noe ak fanmi l, sa sèlman ta dwe fè nou kanpe pou n ka wè Bondye pral fè menm bagay la epi pou Li fè konnen ki dat lafen lemonn sa a pral rive anvan jou jijman an rive. Men genyen pi plis toujou pou nou gade sou tout travay Bondye yo nan listwa lemonn nou jwenn nan Bib La.

An gade listwa destriksyon lavil Sodòm ak Gomò. Anvan Bondye te detwi lavil Sodòm ak Gomò, Bondye te visite Abraram epi Li te fè Abraram konnen plan Li genyen pou Li pote jijman sou lavil sa a yo. Li enpòtan anpil lè nou li nan liv Jenèz:

Jenèz 18:16-17 Epi mesye yo leve kote yo te ye a, epi yo mete tèt yo sou Sodòm: Epi Abraram t’ap mache ak yo pou l te kondi yo mete pi devan sou wout la. Epi Senyè a te di, Eske mwen pral kache Abraram sa m pral fè

Bondye pat sere pou Abraram plan Li te genyen pou Li te detwi Sodòm. Senyè a te panse se yon bon lide pou Li pataje enfòmasyon sa a avèk sèvitè l Abraram. Touswit Abraram fin konnen enfòmasyon sa a, li te konmanse lapriyè Bondye pou moun ki t’ap viv dwat nan lavil sa a yo paske kousin l Lòt t’ap viv nan lavil Sodòm. Bib La di nou Lòt te yon moun dwat (sa vle di Bondye te sove l epi fè l vin yon moun dwat pa mwayen Jezikri—ou ka gade sa nan liv 2 Pyè 2:7-8).

Bondye pat ka detwi moun ki te dwat yo ansanm ak moun ki te mechan yo. Konsa, Senyè a ta dwe pran aksyon. Se sak fè Bondye te avèti Lòt divans sou gwo jijman ki ta pral vini an:

Jenèz 19:12-13 Epi mesye yo te di Lòt, eske ou gen moun ankò ak ou nan lavil la? Bofi, epi pitit gason ou yo, epi ak pitit fi ou yo, epi ansanm ak tout bagay ou gen nan lavil la, vin avèk yo epi mete kò ou deyò: Paske nou pral detwi tout lavil la, paske Bondye tande tout sa yo t’ap di nan lavil la: epi Li voye nou detwi l.

Lòt avèk kèk manm nan fanmi l te chape anba destriksyon Bondye te pote sou Sodòm ak Gomò sèlman paske Bondye menm te ba li avètisman davans: Touswit Lòt te fin resevwa enfòmasyon sa a, li te chache pataje avètisman an avèk bofi l yo men yo pat pran sa Lòt t’ap di yo a ak enpòtans dapre sa nou li nan liv Jenèz chapit 19 vèsè 14 ki di nou bofi Lòt yo te pase l nan betiz. Nou dwe chonje tou Jesikri di lè Li pral tounen se pral tankou jou yo te ye lè Lòt t’ap viv la:

Lik 17:28-30 Menm jan an tou tankou nan jou Lòt yo; moun t’ap manje, yo t’ap bwè, yo t’ap achte, yo t’ap vann bagay, yo t’ap plante, yo t’ap bati; Men nan jou sa a menm Lòt te sòti kite lavil Sodòm lan dife souf grennen sot nan syèl la tankou lapli tonbe sou yo, epi yo tout te detwi. Se pral menm jan an tou li pral ye nan jou Pitit lòm lan pral parèt.

Laverite a se nan jou Lòt yo, Bondye te avèti davans pèp Li sou jijman terib sa a Li t’ap pral voye sou Sodòm. Men, tout lòt moun yo ki te avèti tou pat pran okenn aksyon sou enfòmasyon davans Bondye te ba yo. Poutèt listwa ki se laverite tout bon vre moutre byen klè Bondye te avèti davans Abraram avèk Lòt, sa demoutre yon lòt fwa ankò Bondye pral fè menm bagay la pou Li fè konnen dat lafen lemonn sa a anvan Jou Jijman an rive. Genyen plis pasay toujou nan Bib La pou n gade.

YON VÒLÈ NAN LANNWIT

Anpil moun ki rele tèt kretyen nan gwo manti panse Jesikri pral vini “tankou yon vole” pou Li beni yo epi ba yo rekonpans lavi ki pat janm fini an. Men ki kote moun sa a yo jwenn lide sa a yon vòlè ap vini pou l pote benediksyon? Bib La di nou egzatman ki sa yon vòlè ap vini pou l fè:

Jan 10:10 Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè.

Jezikri pa pral vini an sekrè san atann tankou yon vòlè pou pèp Li chwazi a (yo te senbolize pa Noe, Abraram, Lòt epi anpil lòt t moun ankò ki se te yon egzanp pèp Bondye sou late). Men Jezikri pral vini tankou yon vòlè pou tout moun sa a yo nan lemonn ki pa sove:

1 Tesalonisyen 5:2-3 Paske nou menm nou konn sa byen: Jou Senyè a gen pou l vini tankou yon vòlò k’ap vin nan lannwit. Paske lè moun pral di, Gen lapè ak pwoteksyon; se lè sa a, san nou pa atann destriksyon ap vini sou yo, tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent; epi pa pral gen chape pou yo.

Paske Senyè a ap esplike “destriksyon sibit” ki pral vini sou yo epi deklare “yo pa pral chape,” li byen klè se ak mechan yo Li ap pale. Se pou yo Jesikri pral vini “tankou yon vole” pou Li touye epi detwi yo. Men gade byen sa vèsè apre vèsè 2 ak 3 nan 1 Tesalonisyen chapit 5 nou sot pale talè a di:

1 Tesalonisyen 5:4 Men ou menm, frè m yo, nou pa moun k’ap viv nan fènwa, pou jou sa a ta vin sou nou san nou pa atann tankou yon vòlè.

Nou wè byen klè, pèp Bondye yo ki se tout vrè kwòyan yo pa pral sezi epi se pa pral yon sipryse pou yo. Konman yo ta ka sezi piske Bondye di nan pawòl Li ki se Bib La Li p’ap fè anyen san Li pa avèti davans pèp Li? Bondye te avèti Noe. Bondye te avèti Abraram. Bondye te avèti Lòt. Konman yon moun ta ka panse Bondye te ka avèti pèp Li nan ti piti egzanp Jou Jijman sa a yo men Li pa pral fè menm jan Li te fè epi avèti davans lemonn ki genyen preske sèt (7) milia moun k’ap viv nan lè gwo Jou Jijman an rive vre? Pi plis toujou, nou jwenn Jezikri pase lòd pou tout moun “veye” paske yo pa konnen nan ki lè Li ta ka vini. Jezikri pral vini sèlman pou moun sa a yo ki p’ap veye:

Revelasyon 3:3 Konsa, si ou p’ap veye, mwen pral vini sou ou tankou yon vòlè, epi ou pa pral konnen nan ki lè mwen pral vini sou ou.

Sa vle di. Jezikri ba tout vrè kwòyan yo lòd pou yo ap (chache osinon veye) toutan nan Bib La. Tout pèp Li yo dwe toujou ap etidye Pawòl Bondye ki se sèlman Bib La.. Se paske kou lè kòrèk la rive, Li pral louvri je yo pou yo ka konprann pawòl Li yo Li te sele. Paske moun sa a yo k’ap chache osinon veye toutan pral konprann bagay sa a yo, Jezikri pa pral vini “tankou yon vòlè nan lannwit” pou yo. Jezikri pral vini “tankou yon vole” sèlman pou moun sa a yo k’ap pèsiste nou pa ka konnen dat Kris ap tounen. Lè y’ap pèsiste li pa posib pou konnen dat la, manm legliz yo ap moutre byen yo nan fènwa epi yo pa vle veye. Se yon bagay ki gen enpòtans anpil pou yon moun ap fè tèt di lè li ap pèsiste nou pa ka konnen dat lafen lemon. Paske lè Jezikri vini sou moun say o, se pral “tankou yon vole” epi yo pral detwi sibitman san yo pat atann epi yo pa pral chape jijman terib Bondye a. Bagay sa a fè nou tris anpil men Senyè a ban nou chak gwo ankourajman nan istwa nou jwen nan Bib La sou moun lavil Niniv yo Bondye ban nou pou egzanp. Pèp nan lavil Niniv tou te tande avètisman jijman Bondye pral vini sou yo epi yo tout te pran aksyon.

KA MOUN LAVIL NIVIV YO

Bondye te voye pwòfet Jonas nan lavil Niniv pou li te pote ba yo yon gwo mesay enpòtan ki te byen kout:

Jonas 3:4 Epi Jonas konmanse antre nan lavil la, li fè yon jounen ap mache, epi li pran pale, epi li di, Nan karant jou [40 jou] tout lavil Niviv la pral detwi.

Se te sèlman kèk pawòl! Se te tout mesay sa a Bondye te ba Jonas lòd pou l pote ba moun ki t’ap viv nan lavil Niniv la. Yon mesay ki te genyen vrèman sèlman 2 bagay ladan l: tan (40 jou) epi jijman (detwi). Men wi, vrè istwa sa a ki te pase tout bon kote Senyè a te voye Jonas al avèti moun lavil Niniv yo moutre yon lòt fwa ankò habitid Bondye nan Bib La pou Li avèti davans pèp Li yo anvan Li pote kòlè Li sou you. Nou sezi anpil anpil sa nou jwenn nan vèsè ki vini apre a:

Jonas 3:5 Konsa tout moun lavil Niniv yo te kwè Bondye…

Gade istwa sa a nan je nou menm lèzòm. Moun lavil Niniv yo se te moun peyi Lasiri yo te ye epi Jonas pat moun peyi Lasiri men moun peyi Izrayèl. Li pat pale byen lang moun peyi Lasiri yo. Pi plis ankò li te sòti nan yon lòt t peyi ki se lènmi peyi Lasiri. Sibitman nonm etranj sa a parèt epi li deklare “YNan karant jou [40 jou] tout lavil Niviv la pral detwi.

Eske ou ka panse ak tout lòt kalite repons moun lavil Niniv yo ta ka genyen pito pase repons sa a yo te genyen? Moun lavil Niniv yo te ka pase Jonas nan betiz, yo te ka ri misye, yo te ka pat janm kwè l. Nan tan nouvo n’ap viv kounyeya, nou ta ka panse rive kwè nan sa Jonas t’ap di a se bagay moun fou nèt. Sèlman yon moun tèt pa byen ta ka kwè nan yon mesay tankou mesay sa a Jonas te pote a. Wi, li byen facil jodi a pou n ta panse ak anpil rezon pou yon moun pa ta kwè nan mesay moun fou sa a. Men nou li nan Bib La moun lavil Niniv yo te kwè. Ki sa vreman ki te konvink moun Niniv yo nouvèl terib sa a se te laverite sa te ye epi li te sòti nan Bondye vre? Asireman, se pat paske Jonas te vin ak anpil prèv. Jonas pat vini ak anpil gwo liv ki plin ak etid pil bagay nan Bib La epi mete yo devan pòtay lavil Niniv la. Non! Jonas te sèlman deklare yon ti mesay tout kout. Li pat genyen okenn prèv epi malgre sa moun lavil Niniv yo te kwè:

Matye 12:41 TMoun lavil Niniv yo pral leve kanpe nan jou jijman avèk jenerasyon sa a, epi yo pral kondannen l: paske yo te repanti lè Jonas te preche…

Kounyeya, ou tande Samedi, 21 Me 2011 se pral konmansman Jou Jijman an. Petèt ou tande anpil prèv ki sòti nan Bib La, men malgre sa ou toujou pa kwè sa Bondye di. Eske ou mande pou plis prèv ankò? Moun lavil Niniv yo pat genyen gwo plèzi ak benefis tout pil enfòmasyon ou genyen jodi a. Yo te genyen sèlman yon ti grenn vèsè tou piti nan Bib La pou yo te apiye konfyans yo. Jodi a, moun k’ap etidye Bib La ak anpil atansyon ka bay anpil enfòmasyon ki sòti direkteman nan Bib La. (Pou ou jwen plis enfòrmasyon sou Jou Jijman an ki pral vini 21 Me 2011, menm lè nou pa gen rapò ak Radio Fanmi, Ebiblefellowship rekòmande ou yon ti liv yo pibliye ki rele “Nous y Sommes Presque…” Ou ka ekri Radio Fanmi nan adres sa a: Family Radio, 290 Hegenberger, Oakland, CA 94621. Ou ka li ti liv sa a tou sou Intènèt nan http://worldwide.familyradio.org/fr/ ). Men, yon pil enfòmasyon tankou yon gwo mòn p’ap ka konvink pèsonn moun. Jezikri menm moutre sa lè te di nan:

Jan 8:47 Tout moun ki se moun Bondye, yo koute pawòl Bondye yo: konsa ou menm ou pa tande yo, paske ou pa moun Bondye.

Tanpri souple, gade byen konman moun lavil Niniv yo te moutre yo te kwè tout bon Bondye pa t’ap jwe epi yo te pran nouvèl la ak anpil enpòtans. Se sak fè touswit yo te pran aksyon sou nouvèl la:

Jonas 3:6-8 Paske pawòl la vin jwenn wa Niniv la, epi li leve sou fòtèy li a, epi li wete rob ki te sou li a, epi li kouvri kò li ak rad sak, epi li chita nan sann dife. Epi li voye fè yon piblikasyon nan tout Niniv ak lòd wa a ak lòt chèf li yo , li di, Pa kite ni moun ni bèt, bèf ni mouton, goute anyen: pa kite yo manje, ni bwè dlo: Men se pou tout moun ak bèt kouvri kò yo ak rad sak, epi kriye ak anpil fòs ba Bondye: wi, se pou yo chak vire do ba move zak, epi vire do ba vyolans ki nan men yo.

KONPRANN TAN AVÈK JIJMAN

Lè nou etidye listwa nou jwenn nan Bib La, nou vin wè konman Senyè a nan anpil fwa nan tan pase te enfòme pèp Li yo sou anpil lòt tan jijman ki ta pral vini anvan menm jijman sa a yo te rive vre. Bondye toujou fè sa nan tout istwa lemonn Bib La ban nou epi nou menm ka di asireman se yon lwa sa ye nan Bib La, tankou liv Amòs chapit 3 vèsè 7 deklare, “Asireman Bondye Senyè a pa pral fè anyen san Li pa fè pwofèt yo, ki se moun k’ap sèvi Li yo, konnen.

Nan Bib La, Bondye separe lèzòm nan 2 kan osinon gwoup. Moun sa a yo Li sove, Li rele yo “moun saj” epi moun sa a yo Li pa sove, Li rele yo “moun fou osinon moun egare.” Bondye rele tou moun Li sove yo “moun dwat” epi Li rele moun Li pa sove yo “moun mechan.” Sak separe 2 kalite moun sa a yo pa gen okenn rapò ak paske yo gen anpil lespri osinon yo gen anpil konesans osinon paske yo gen anpil lajan. Sa pa genyen tou anyen pou l wè ak paske yo merite sa osinon yo pi bon pase yon lòt moun. Non, non se pa sa di tou! Moun sa a yo ki vin moun saj (sa vle di Bondye deklare yo dwat) sèlman si Bondye sove yo epi ba yo Lespri Jezikri ki se Jezikri menm. Epi moun sa a yo Bondye pa sove, yo se moun fou osinon moun egare osinon tou moun mechan paske yo pa genyen Lespri Jesikri nan lavi yo. Si nou kenbe nan lespri nou konman Bib La esplike sajes, sa pral ede nou konprann anpil vèsè sa a yo:

Danyèl 12:9-10 Epi Li di, al fè wout ou, Danyèl: paske pawòl sa a yo kache epi yo sele jouk lè lafen an. Lè sa a, anpil moun pral netwaye, epi vin blanchi, epi vin lave; men moun mechan yo pral vin pi mechan toujou: epi yonn nan moun mechan yo pa pral janm konprann; men moun ki saj yo pral konprann.

Li parèt byen klè, se te volonte Senyè a pou Li te sele Pawòl Li (ki se Bib La) jouk lè lafen an. Men gade byen, Bondye fè wè “okenn nan moun mechan yo” pa pral ka konprann bagay sa a yo. Men kisa yo pa pral konprann? Bondye ap pale yo pa pral konprann Pawòl Bondye ki se Bib La Li pral wete sele a nan lè lafen an. Okenn nan moun ki pa sove yo nan lemonn pa pral rive konprann bagay sa a yo, menm jan tou moun nan tan Noe a yo pat pran avètisman inondasyon an pou yon bagay ki te enpòtan; epi menm jan tou bofi Lòt yo te pase nan betiz avètisman yo te ba yo pou yo te sòti kite lavil la. Se konsa tou jodi a, okenn nan moun ki pa sove yo nan lemonn yo pa konprann. Men, moun sa yo ki rele “the saj” sa vle di yo gen Lespri Jesikri, yo pral konprann. Moun saj yo konpran sèlman paske Bondye gen gwo pitye pou yo. Senyè a esplike laverite sa a yon lòt t fwa ankò nan bel vèsè sa a yo:

Eklezyas 8:5 Nenpòt moun ki kinbe lòd yo ba li pou l fè a pa pral pè anyen: epi kè yon moun ki saj konprann tan ak jijman. Paske pou chak bagay genyen yon lè ak jijman, konsa mizè lòm gwo sou tèt li.

Pwovèb 28:5 Moun mechan pa konprann jijman: men moun sa a yo k’ap chache Bondye konprann tout bagay.

Pou n fini, nou konnen osinon nou pa konnen 21 Me 2011 se konmansman Jou Jijman an, vin rete sou yon sèl bagay ki se eske Bondye louvri lespri nou pou nou ka konprann bagay sa a yo. Si Li fè sa pou nou, asireman nou pral konnen 21 Me 2011 se Jou Kòlè Senyè a. Si Bondye pa louvri je nou, konsa nou pa pral konnen. Bib La di nou Bondye pa chwazi pou Li sove pifò moun ki nan lemonn. Se sak fè Jezikri pral vini san atann pou anpil milia moun paske moun sa a yo pa konprann bagay ki sòti nan Bondye. Paske yo pa genyen Lespri Bondye nan lavi yo, konsa yo pa pral pran ak enpòtans avètisman sa a epi yo pa pral konprann. Se ak lapenn epi anpil tristes, yo tout pral peri.

Ezekyèl 33:4-5 Nenpòt moun ki tande kout klewon an, epi li pran avètisman; si nepe a vini [sa vle di lènmi an], epi touye l, san li pral rete sou tèt li. Men moun sa a ki pran avètisman pral chape nanm li.

Pep Bondye yo ki se sèlman tout vrè kwòyan yo (menm jan ak moun lavil Niniv yo) konnen byen tout dat sa a yo se laverite yo ye epi yo dwe kwè yo paske yo tout sòti nan Bib La. Anpil moun nan lemonn pral kwè sa legliz yo di osinon sa pastè osinon prèt yo ki pral di asireman yo pa bezwen ba tèt yo pwoblèm ak yon dat. Men okenn nan sa yo di pa laverite. Laverite tout bon vre a se yon sel bagay nan lemonn nou dwe kwè se Bib La. Se sak fè, pendan n’ap pwoche pi pre dat 21 Me 2011 lan, gwo kèsyon pou chak moun se, “Eske ou kwè Bib La osinon eske ou kwè nan yon lot bagay?”

Pwovèb 3:4 Konfye ou nan Senyè a ak tout kè ou; epi pa apiye sou pwòp konpreyansyon ou.

Sòm 119:42 …paske mwen konfye m nan pawòl ou.

 


 

Visite nou sou Intènèt:

www.ebiblefellowship.com

Rele nou gratis si w’ap viv nan USA nan: 1-877-897-6222

Ou ka kite yon mesaj osinon mande yon kèsyon nan:

  www.ebiblefellowship.com/contactus

Ou ka ekri nou tou nan adres sa a:

EBible Fellowship, P.O. Box 1393, Sharon Hill, PA 19079 USA

Travay 17:30-31 Epi Bondye te fèmen je l sou tout tan sa yo moun te pase nan linyorans; men kounyeya Li ba tout moun ki nan tout kote lòd pou yo repanti: Paske Li fikse yon jou, lè Li pral jije lemonn nan ladwati ak nonm sa a Li te chwazi…

{Ebiblefellowship se yon ministè kretyen ki pale sou Bib La sèlman epi li pa gen rapò ak okenn legliz.}

WeCanKnow.1.18.2010-Haitian-Kreyol